
Antre nan vibe la ak Afterwork, yon emisyon mizikal retro ki pran ou sou yon bèl vwayaj sonò soti chak vandredi pou rive dimanch sou Radio Majorité d’Haïti. Emisyon sa se pa ti bèl moman se yon espas pou reviv bon tan lontan yo, reekoute mizik ki fè kè nou sonje, e kite lespri nou repoze apre tout estrès semèn nan.Afterwork, se pi bon melanj mizik soul, konpa retro, slow, RnB klasik, zouk love, ak lòt ritm ki te make jenerasyon nou yo. Se tan pou mete bouchon lan boutèy, detann ou, epi kite mizik la pale pou ou.Ak animatè Smedjy ak Djoolissa, w ap jwenn animasyon cho, ti mesaj senpatik, dedikasyon pou fanmi ak zanmi, e sa ki pi enpòtan: yon atmosfè totalman nostaljik e relax.Pa rate randevou sa chak vandredi apati 3è pou rive dimanch swa, sou webradiomajorite.com oswa sou paj Facebook nou. Pou plis enfòmasyon: WhatsApp 3782-8805. Afterwork – Lè mizik se terapi.
Radio Majorité – Vwa pèp la, son kè a.

