
18 Desanm 2025, tout moun ki renmen bèl pawòl, bèl lide ak bèl penti ap gen randevou ak lanati lespri JN. François Max, nan okazyon vant siyati dezyèm rekèy pwezi li ki pote non « Kaye Wouj 2 ». Liv sa a se yon selebrasyon veritab de emosyon, refleksyon, ak angajman sosyal, kote otè a mare pwezi ak reyalite lavi. JN. François Max se pa yon non etranje nan espas literè ak atistik ayisyen an. Sosyolog de fòmasyon, li te fè etid li nan Fakilte Syans Imèn (FASCH) nan Inivèsite Deta d’Ayiti depi lane 2005. Men, talan li depase analiz sosyolojik li se tou yon powèt angaje ak yon atis pent ki eksplore plizyè estil: sireyalis, abstrè, ak reyalis.li te kreyete tout yon estil penti ki rele « aksidantalis oryantalis« . Li se Te youn nan chef de fil mouvman Paradox ak Bernard Vixamar, ant 2007 ak 2009 te gen tout yon kouran ki te rele « Femme Battue« , yon seri zèv (tablo) ki mete aksan sou soufrans ak rezistans fanm yo, kote Imanis desalinis ki charye respè total pou fanm ki pote lavi, melanje ak sansiblite powetik li. « Kaye Wouj 2 » se plis pase yon rekèy pwezi. Se yon boukan pawòl, yon rasanbleman 52 tèks ki touche lanmou, doulè, revandikasyon, memwa, ak lespwa. Liv sa se yon kontinyasyon ak yon ogmantasyon de premye volim lan, ki te deja make lespri lektè yo.Jodi a, JN. François Max ap envite nou plonje nan lanmè panse li yo, li envite nou tande vwa li, li envite nou wè limyè a atravè mo.”Vant siyati sa a ap fèt 18 Desanm 2025, e li reprezante yon opòtinite pou piblik la rankontre ak otè a, e dekouvri pa sèlman mo li yo, men tou tablo li yo paske evènman an ap mete ekspozisyon penti tou an valè Se pa yon senp lansman liv, se yon rasanbleman lespri, yon selebrasyon eritaj kiltirèl nou ak kreyativite endividyèl.
Randevou a se ,Nan Bibliyotek Minisipal Taba,(94, Tabarre 42, Blvd 15 octobre Tabarre HT, 6124)pou n vin panse n ak chanjman sosyal la
Redaction Vixamar Reginald
Pour web radio Majorité D’Haiti
